top of page

OPINYON-Panse Ki Lan Tèt yon Moun

 

Eske kèk Jounalis Ayisyen gen foli pouvwa?

Par Hervé Gilbert     (Version française)

 

 

 


 

 

 

 

 

 

 

 

 

________________________________

_______________________________________________________________________________________________________________________________

Laprès an Ayiti ke yo di kise katryèm pouvwa, vini depi yon bout tan yon machin kap peple pati politik ak kandida an Ayiti tankou djondjon.

 

Jodya an Ayiti nap viv sa nou kapab rele rèv moun fou oubyen yon tan tankou lè moun gen foli grandè. Sesa menm ki  provoke reaksyon ki fè nou gen pase 160 pati  ak groupman politik nan eleksyon kap vini an .

 

Refleksyon sou etik ak pwofesyonalism laprès nan peyi Dayiti fè nou reflechi anpil. Fòk nou kapab pote limyè sou konsèp la pou bay deba sila jarèt ki pral gen anpil enpòtans sitou nan eleksyon ki pral vini yo.

 

Laprès la ap mal mache nan peyi Dayiti: se pa yon bagay nouvo jodya, pwoblèm yo ap ogmante de jou an jou. Gen anpil rezon ki fè degrengolad sa.

 

Laprès nan tou sosyete demokratik gen yon responsabilite byen tabli, ke bi prensipal li se fè pase rèv ak revandikasyon gouvène yo a dirijan li yo. Bi enpòtan laprès  se enfòme, edike epi distrè popilasyon ke lap desèvi-a. Wòl laprès la se pa sèlman kritike ou fè louanj pou gouvènman, vrè wòl li se di ou rapòte bagay yo jan ke li ye san wete san mete, epi kite opinyon piblik la jije enfòmasyon yo pou kont yo.

 

Avèk konsyans ou san konsyans,  anpil nan laprès ki pale yo te  fè anpil dega pandan dènye dizèn ane ki sot pase nan peyi-a ,  nou ka di tou ke yo patisipe nan malè peyi-a tou paske majorite sila yo te vin tounen yon zòn kote ke deba yo te vin agresif ak kakofonik epi yo te pito mete dife nan lespri yo olye ke yo kalme yo  

 

Lang kreyòl la ki vin yon lang ofisyèl daprè Konstitisyon peyi-a,  vin fè ke nou genyen yon langaj pi gaye lakay kèk patisipan kap pran lapawòl nan radyo yo, kote yo pat kap pale fransè an pi byen. Men nou ka di ke nou jwen anpil  pami sila yo ki gen anpil talan nan medya sa yo. Jiska jounen jodya nou pa jwen nan majorite medya sila yo okenn diskisyon ou emisyon kab edike ak sansibilize popilasyon an sou jan pou yo defann aspirasyon ak priyorite yo. Nou ka di ke fè politik  avèk tout sa ke nou konnen tankou atak pèsonèl, zin, voye monte, deklarasyon dwat e gòch  ki menm konn pwovoke kouri nan lari rete kòm pwen santral  emysyon radyofonik yo nan lakou peyi Dayiti. Nou pa tap fini si nou ta kòmanse simaye egzanp . Laprès pale-a blye tout pwoblèm kap kraze peyi Dayiti epi yo menm rive nan yon degre agitasyon.

 

Sa pa gen lontan ke plizyè jounalis nan laprès la ki rele tèt yo endepandan  te resevwa yon ti thotcho kòm kado Nwèl  nan men gouvènman ayisyen an. Fòk  nou di ke yon Près kap mande pa kapab endependan! Paske metye jounalis gen yon règ inivèsel ki dwe respekte ke ou an Ayiti ou lòtbò dlo.

 

Nouvèl deklarasyon plizyè jounalis ki anonse Kandidati yo pou pwochèn eleksyon prezidansyèl yo vinn fè ranvèse dlo ki nan vaz la. Sa vin bay  yon gou anmè kon fyèl nan metye sakre jounalis la. Sa fè ke nou pa konnen aki sen pou nou adrese nou konya. Nou menm  mande tèt nou,  ke si enfòmasyon kap vin jwen nou pa bò isit yo pa taye ou byen fòje nan yon fason patizan.  

 

Nan sitiyasyon kachouboube  jounalistik ou sa nou rele opòtinis malsen, kijan nou kapab rekonèt ou fè diferans ant pati politik, pouvwa, jounalis anbachal ki kache deyè mikrofòn ak plim ?

 

Nan Peyi Dayiti,  tout moun kap ekzèse pwofesyon jounalis, radyoman fè deyo yon pwofesyonèl nan domèn la epi fè yo tout sanble yon pèsonaj ki  presidensyab… Pandan kriz politik ki sot pase  pa twò lontan nan peyi Dayiti, anpil la dan yo ki te fè tèt yo pase pou pi bon jounalis te fè yon jan pou yo rankontre ak pouvwa nan peyi-a pou yo fè pase revandikasyon yo. Sila yo  menm te tounen  yon chanpyon nan voye monte, menm jan avèk lòt sektè yo ki tap simen twoublay nan peyi-a . Demach sila yo se te jis yon estrateji pour esaye jwenn pa yo nan gato-a.

 

Jounen jodya, yo jete mask ki te nan figi yo kote yo ap chanje koulè tankou agranman pou yo  ka lanse yo sou sèn politik la. Bondye fè ke gras ak entènèt konnya nou pa gen poun depan deyo : Epi konnya pa gen zafè gran medya, nouvèl teknololji  kominikasyon an retire pouvwa absoli. Zouti medya tankou aparèy foto, kamera, rezo sosyal yo disponib toupatou  epi tout moun ka itilizel . Sa vin bay yon avantaj pou plis temwanyag nan pwodiksyon jounalis la menm pou sila yo  ki pa pwofesyonèl. Anpil lòt zouti tankou blòg vin yon mwayen pi fasil pou  fè sikile nouvèl ak enfòmasyon; blòg vin fè pati de sa yo rele “ sitwayen jounalis”. Sa vin chanje esklizivite ak monopòl enfòmasyon ke gwo medya yo te konn gen lontan. Nan menm lis la nou vinn genyen lòt medya sosyal tankou Facebook, Twitter, Instagram etsetera e menm Haiti

Connexion Network kise yonn ladan yo tou.

 

An nou poze tèt nou yon ti kesyon : Ki avni jounalis ayisyen  ak metye jounalis  la toupatou ?

Li enteresan pou nou sonje  pawòl selèb  Mark Deuze ki fè nou konnen pouki sa metye jounalis la te pran nesans.. Metye jounalis plis pase rakonte istwa, li gen yon rezon pi nòb ki prevni nou de yon danje kap vini. Nou ka di ke jounalis di nou kòman bagay yo ye . Yon jounalis se tankou sa nou rele an anglè yon “gatekeeper”, mo anglè ki vle di an fransè yon chyen kap veye demokrasi.

 

Nou pa janm dwe konfonn metye jounalis la avèk moun kap fè reklam ou moun kise propagandis oubyen ki se yon politisyen.

 

Une vue de montagne de la Corée du Sud.​ Regardez les fleurs !

bottom of page